POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 30 mas 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN CARVALHO AP PALE NAN
AKADEMI DIREKSYON SIPÈENTANDAN ALAS

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ap pale demen nan “Association of Latino Administrators and Superintendents (ALAS)” (Asosyasyon Administratè ak Sipèentandan Latino) “Superintendents Leadership Academy (SLA)” (Akademi Direksyon Sipèentandan) nan Atlanta, Georgia.  Misyon ALAS SLA se pou amelyore e ogmante opòtinite pou lidè sistèm lekòl k ap vini yo nan ofri enstriksyon, konsèy, ak sipò pou yo ka jwenn konesans ak ladrès pou yo fonksyone nan nivo ki wo, espesyalman nan sistèm lekòl ki gen anpil povrete e ki ap sèvi minorite.

Prezantasyon Sipèentandan Carvalho a pral vize sijè tankou plan estratejik la ak objektif prensipal yo, travay avèk gwoup anplwaye e moun ki gen enterè nan kominote a, akonplisman prensipal distri yo, wòl teknoloji, ak estrikti edikasyon ki toujou ap chanje.

ALAS se youn nan pi gwo òganizasyon nasyonal edikatè ki ap sèvi elèv Ispanik/Latino e ki ap agrandi pi vit. Yo te devlope li an 2003, e li te soti nan lide yon gwoup administratè ak sipèentandan Ispanik/Latino kote vizyon ak direksyon yo te esansyèl nan adrese bezwen non sèlman popilasyon Ispanik/Latino a, men edikatè ki ap sèvi bezwen elèv Ispanik/Latino an patikilye, e tout elèv an jeneral.  Sipèentandan Carvalho ap sèvi kòm prezidan ALAS kounye a.

 

 

###

012-JJS/322/VVL/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès