POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 3 avril 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

*** DIFIZYON FOTO***

SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO AK ELÈV EVERFI ONORE ELÈV NAN SEREMONI POU AKONPLISMAN KONESANS DEBAZ SOU FINANS

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ak EverFi te resamman onore elèv Lekòl Segondè Miami Edison avèk sètifikasyon pou konesans debaz sou finans apre yo te fini pwogram Florida Financial Scholars (Etidyan Finans Debaz Florid). EverFi se yon pwogram sou Entènèt ki sèvi avèk teknoloji ki fèk parèt nan medya – videyo, animasyon, jwèt 3-D, “avatars”, ak rezo sosyal – pou aktyalize konsèp finansye konplèks pou jenerasyon dijital jodi a.  Patwonè atravè distri a Burger King ak patwonè lokal BankUnited, Espirito Santo Bank, ak Florida Community Bank fòme yon patenarya pou mete pwogram sa a disponib pou chak lekòl nan Lekòl Leta Miami-Dade County yo kòm eleman yon inisyativ pou mete edikasyon finansye disponib pou tout elèv.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Se ankourajan pou wè patisipasyon yon si gwo kantite enstitisyon finansye nan pwogram sa a ki ofri elèv nou yo lide valab nan konesans finansye debaz… Elèv sa yo nan yon laj ki vilnerab, kote yo ka e yo dwe aprann pou fè desizyon entelijan ki pral ede yo pran yon chemen ki pozitif pou kolèj e ane ki ap suiv yo.”  

Evènman sètifikasyon ki te fèt nan Lekòl Segondè Miami Edison Senior la, te gen ladan kòmantè Sipèentandan Alberto M. Carvalho, Prezidan EverFi, Inc., Tom Davidson; Prezidan Burger King Latin America, Jose Tomas; Vis Prezidan Kad Siperyè BankUnited, Steve Brimo; Vis Prezidan Kad Siperyè Espirito Santo, Raul Vidal; ak Vis Prezidan Florida Community Bank, Ian Berger.

 

###

12/JS/324/RL

 

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ap gade pandan yon elèv Lekòl Segondè Miami Edison ap demontre konenans debaz li genyen sou finans avèk pwogram ki baze sou òdinatè EverFi la.

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès