|
M-DCPS ONORE DIREKTÈ, ASISTAN DIREKTÈ POU ANE A NAN SEREMONI ‘THE ADDIES’ MIAMI – “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te onore meyè direktè ak asistan direktè li yo nan yon seremoni prim 5 avril nan Jungle Island. Dtè. Pablo G. Ortiz, direktè Lekòl Segondè Miami Edison, te genyen pi gwo onè a kòm Direktè Distri pou Ane a. Ortiz te jere dezan chanjman ki pi difisil nan kèlkeswa lekòl Florid yo, kenbe nòt “C” lekòl la ak siksè pou dezan konsekitif. Li sèvi kòm asistan direktè e direktè pou kenzan nan lekòl atravè Miami-Dade. Sa fè dezyèm fwa li se gayan prim Meyè Direktè pou Ane a, ki fè li vin genyen distenksyon kòm premye moun nan Distri a ki genyen prim sa a de (2) fwa. Li se yon ansyen elèv M-DCPS, paske li te gradye nan Lekòl Segondè Southwest Miami. Yo te rekonèt Denise P. Barrett-Johnson nan Lekòl Mwayen Lake Stevens kòm Asistan Direktè pou Ane a. Barrett-Johnson se yon ansyen elèv distenge M-DCPS, paske li te gradye nan Lekòl Segondè Miami Norland Senior. Yo te rekonèt nan seremoni a tou Agenoria T. Powell nan Sant K-8 Linda Lentin, kòm dezyèm Meyè Direktè pou Ane a ak Doktè Contessa S. Bryant nan Lekòl Segondè Homestead kòm dezyèm Meyè Asistan Direktè pou Ane a.
### 12-JJS/328/VVL/RL
|