|
ELÈV LEKÒL SEGONDÈ MIAMI BEACH GENYEN YON KONKOU ATRAVÈ TOUT ETA A Yo nonmen Belen Mella, yon elèv 9yèm ane eskolè Lekòl Segondè Miami Beach, gayan atravè tout eta a nan konkou “Florida KidCare’s Act Out for Health Public Service Announcement (PSA)” ([Anons Sèvis Piblik] ‘Florida KidCare’ Aji pou Sante). PSA 30 segonn Belen nan ki rele, “On Your Marks, Get Set, Have Fun," (Ann Avan, Prepare w, Amize w) te tèlman kreyatif e pwofesyonèl jij yo te vote alinanimite pou bay travay li a premye plas. Li resevwa yon bous etid $1,000 e yo bay Lekòl Segondè Miami Beach yon don $500. Anplis, yo te montre PSA gayan li a nan plizyè biwo pedyatri nan eta a. Pou dènye katran ki sot pase a, “Florida Healthy Kids Corporation” ap patwone Konkou Aji pou Sante ‘Florida KidCare’ la, kote elèv 4yèm-12yèm ane eskolè ka soumèt yon plan pou yon pano afichaj e/oubyen yon redaksyon. Se sèlman elèv nan 6yèm-12yèm ane eskolè ki elijib pou soumèt travay nan kategori PSA a. Yon komite jij te chwazi gayan konkou yo. Yo te chwazi gayan distri yo nan twa rejyon atravè eta a. Jij yo chwazi yon gayan nan chak twa rejyon yo pou avanse nan final Gran Pri Atravè Eta a. Pou plis enfòmasyon, kontakte Karen Rivo, Espesyalis Kominotè, nan 305-995-1203.
### 12/JS/329/HD/RL
|