POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 6 avril 2012   

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

***DIFIZYON FOTO***

DTÈ. LAWRENCE S. FELDMAN, VIS-CHÈMANN KOMISYON KONSÈY LEKÒL,
VIN WÈ ELÈV MIAMI EDISON PANDAN Y AP FINI PWOGRAM EDIKASYON DEBAZ NAN FINANS

Elèv Lekòl Segondè Miami Edison te resevwa sètifika pou konesans debaz sou finans apre yo te fini Pwogram “Florida Financial Scholars” (Etidyan Finans Debaz Florid) EverFi, Inc. te fè. EverFi se yon pwogram sou Entènèt ki sèvi avèk teknoloji ki fèk parèt nan medya – videyo, animasyon, jwèt 3-D, “avatars”, ak rezo sosyal – pou aktyalize konsèp finansye konplèks pou jenerasyon dijital jodi a.  Ou ka wè Dtè. Feldman, Vis-Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl ki ap pale avèk elèv pandan y ap demontre metriz yo nan pwogram finansye a.

 

###

12-JJS/330/DF/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès