|
YO NONMEN LEKÒL SEGONDÈ HIALEAH GARDENS Lekòl Segondè Hialeah Gardens se youn nan 18 lekòl leta yo chwazi kòm Lekòl Siyati GRAMMY® pou 2012 la. Lekòl Segondè Hialeah Gardens te yon benefisyè nan kategori Prim Antrepriz Siyati Lekòl “Grammy,” ki rekonèt efò 11 lekòl ki gen pwoblèm ekonomik fè. Hialeah Gardens ranpòte $5,500 don pou benefisye pwogram mizik li a. Yo te kreye pwogram Siyati Lekòl GRAMMY an 1998 e li rekonèt tòp lekòl segondè Etazini ki pran yon angajman ekstrawòdinè nan edikasyon mizik pandan yon ane lekòl. Pwosesis seleksyon pou Siyati Lekòl GRAMMY kòmanse chak ane ann out lè Fondasyon GRAMMY revize aplikasyon plis pase 20,000 lekòl segondè leta. Yo fè yon jijman rijid, apre sa yon komite depistaj endepandan fè yon revizyon final pou detèmine lekòl ki merite al nan kategori Lekòl Siyati. Pwogram mizik Hialeah Gardens nan katriyèm ane li e li ogmante de 25 elèv pou plis pase 150 mizisyen. Fanfa a resevwa nòt siperyè nan Evalyasyon Pèfòmans Mizik Asosyasyon Mayestwo Florid pou 2010 ak 2011 la. Òkès “Wind” la resevwa tou resamman premye nòt jeneral siperyè li mwa pase nan Konsè Evalyasyon Pèfòmans Mizik Distri a, Asosyasyon Mayestwo Florid to fè. Pou plis enfòmasyon, kontakte Rafael Napoles, Direktè Mizikal, Lekòl Segondè Hialeah Gardens, nan 305-698-5000.
### 12-JS/332/HD/SD
|