|
YO NONMEN “TERRA ENVIRONMENTAL RESEARCH INSTITUTE” Enstiti Rechèch Anviwònmantal TERRA se youn nan twa lekòl leta Depatman Edikasyon Florid nonmen pou nouvo Prim Lekòl Riban Vèt. Se Depatman Edikasyon Etazini ki patwone prim nan. Yo nonmen TERRA akoz angajman li pran pou diminye enpak sou anviwònman an, amelyore sante ak pèfòmans akademik elèv ak anplwaye li yo, e dèske li ogmante kantite gradye ki gen yon fòmasyon anviwònmantal e ki dirab. Pwogram Prim Lekòl Riban Vèt yo etabli ane sa a rekonèt siksè egzanplè nan kesyon enpak sou anviwònman, sante ak edikasyon. Pwogram Prim nan pwomote objektif biwo anviwònman an; diminye pri enèji lekòl; favorize sante, byennèt ak siksè akademik; bay yon edikasyon konplè e ogmante ladrès STEM (Syans, Teknoloji, Jeni, Matematik); e ranfòse preparasyon elèv pou kolèj ak karyè. Yo ap anonse gayan yo 23 avril 2012, e y ap fè yon seremoni pou onore gayan yo nan Washington, D.C., 4 jen.
### 012-JJS/334/VVL/SD
|