|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 10 avril 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
YON ELÈV M-DCPS FINALIS POU YON PRIM NASYONAL $20,000
Miguel Arango nan Lekòl Segondè John A. Ferguson se youn nan 10 finalis nan “Toyota Teen Driver Video Challenge” (Videyo Defi Chofè Adolesan Toyota). Defi nasyonal la se yon eleman pwogram konpreyansif ki edike adolesan sou fason pou yo evite distraksyon pandan yo ap kondui e ki pwomouvwa ladrès kondui avèk pridans.
Yo te chwazi finalis yo baze sou pwodiksyon videyo yo fè ki ekspoze fason kreyatif ak panse aktif pou tounen yon chofè adolesan ki pridan. Dis (10) adolesan ki nan final yo ap fè konpetisyon pou prim kach $20,000. Nèf finalis ki rete yo ap resevwa $1,500. Yo ap chwazi gayan an atravè vòt sou Entènèt pou videyo finalis la. Vòt la ouvri jiska 17 avril. Yo pèmèt yon vòt pa pèsòn pa jou pou chak finalis.
Pou vote pou Miguel, vizite http://toyotateendriver.discoveryeducation.com/vote.cfm
###
12-JJS/335/DF/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |