|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 12 avril 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
RESIKLE APARÈY ELEKTWONIK NOU E EDE LEKÒL MIAMI YO NAN MATCH HEAT LA VANDREDI
“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekol Leta Miami-Dade County) mete
ansanm avèk fòs IT (Enfòmatik) lokal, “TECpert” ak “PREEMO” pou kanpay “Recycle-
IT” a pou yo ka bay kominote a yon metòd senp pou jete aparèy elektwonik ki sèvi
deja e benefisye lekòl yo. Pou sipòte efò resiklaj M-DCPS la, American Airlines ap
kolekte aparèy elektwonik ki sèvi deja nan dat 13 avril 2012 soti 6è – 10è dimaten.
Recycle-IT benefisye sistèm lekòl la nan resikle aparèy Elektwonik yo e nan bay M-
DCPS lajan. Patwon ki depoze aparèy elektwonik ki sèvi deja nan Arena a ap resevwa
drapo Miami-HEAT toutan genyen, kòm echanj pou ti aparèy elektwonik ki sèvi deja yo.
Yo envite fanatik HEAT yo tou pou pote ti aparèy elektwonik yo sèvi deja, nan Arena a
pandan match Charlotte Bobcats kont HEAT la, k ap kòmanse a 7:30 diswa, vandredi 13
avril.
Kanpay la ap benefisye “The Foundation for New Education Initiatives” Inc. (Fondasyon
pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon), yon antite ki pa la pou pwofi ki ap ogmante
akonplisman elèv ak angajman kominotè pou sipòte Akademi Paran An ak lòt inisyativ
edikasyonèl nan M-DCPS. Recycle-IT, ki ap sipote kanpay Fondasyon an te lanse
resamman ki rele, “Bringing Wireless to the Classroom” (Pote Entènèt Sanfil nan
Salklas), ap aji tankou yon ajans k ap bay enfòmasyon sou aplikasyon teknoloji nan
salklas lekòl leta nou yo.
Pou w konnen ki kote w ap jwenn bwat pou depoze aparèy elektwonik ou pa bezwen,
oubyen pou pran randevou pou yo vin chache l nan men w, silvouplè vizite
www.recyclemiami.com. Pou plis enfòmasyon, silvouplè vizite
www.giveourstudentstheworld.org.
###
12-JS/338/GC/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |