|
***NÒT POU LAPRÈS*** KONSÈVATWA AR “ARTHUR & POLLY MAYS” AP PREZANTE YON PÈFÒMANS 9 ME
|
KIYÈS:
|
Elèv ak anplwaye Konsèvatwa Ar Arthur & Polly Mays, paran, ak sitwayen ki enterese |
KISA:
|
Pèfòmans “Evolisyon” |
KILÈ: |
Mèkredi 9 me 2012 7è diswa |
KI KOTE: |
Gusman Hall University of Miami 1314 Miller Drive Coral Gables, FL 33124 |
POUKISA: |
Sa se yon ekspozisyon fen ane sou pèfòmans ak travay ar elèv 6yèm-9yèm ane eskolè konsèvatwa a. Nan pèfòmans la y ap prezante eleman magnèt sa yo: Gwoup Konsè, Teyat, Òkès, Dans, Koral, Radyo/Tele Difizyon. Ap gen atis ki pral ekspoze travay ar yo nan antre prensipal la, ansanm ak yon prezantasyon pwezi elèv ekriven kreyatif ap fè. Nan pèfòmans la, yo rele “Evolisyon,” y ap ekspoze tranzisyon lekòl la te fè soti nan Mays Middle School rive nan Konsèvatwa Ar 6yèm – 9yèm ane eskolè Arthur & Polly Mays. Y ap sèvi ak tout pwofi yo pou anrichi lekòl la. Lekòl la gen yon patenarya avèk Lekòl Mizik Frost nan Inivèsite Miami, ki fasilite itilizasyon Gusman Hall. Pri davans $10 a gen ladan transpòtasyon ale-retou soti nan Konsèvatwa Ar Arthur & Polly Mays rive nan Gusman Hall. Tikè yo se $20.00 nan pòt. Pakin disponib sèlman nan Pakin Maurice Gusman Center Hall. |
KONTAK: |
Pou plis enfòmasyon konsènan tikè, rele Kristina Beard nan 305-233-2300, ekstansyon 2220. |
# # #