POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 1ye me 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN SIPÈENTANDAN LEKÒL YO ALBERTO M. CARVALHO
NAN KONSIL 100 FLORID LA

Yo envite Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pou l antre nan “Council of 100” (Konsil 100) Florid la kòm yon manm “ex officio” (pozisyon ofisyèl).  Endividi ki patisipe nan Konsil la reprezante lidè kle nan plizyè domèn eta a.  Yo atann pou manm yo gen yon enterè nan Florid e nan akonplisman misyon Konsil la; pou yo gen yon gwo nivo siksè ak renome nan biznis yo, pwofesyon yo oubyen karyè yo nan sèvis piblik; pou yo demontre patisipasyon yo nan kesyon règ piblik; e pou yo posede bon kalite karaktè pèsonèl, pèsonalite ak kapasite pou dirije, ansanm ak volonte pou fè misyon Konsil la avanse. 

Sipèentandan Alberto M. Carvalho, di, “Se yon onè pou mwen pou yo envite m vin antre nan Konsil 100 Florid la... Plasman sa a bay chak moun ki gen enterè nan edikasyon, yon vwa nan eta Florid la, kòtakòt ak patnè biznis eta nou an. Edikasyon piblik kòm yon fasilitatè devlopman travay, endispansab pou vyabilite ekonomik eta nou an.”

Konsil 100 Florid la se yon òganizasyon prive, ki pa la pou pwofi, san patipri, yo te fòme an 1961 sou demand Gouvènè Farris Bryant pou ofri konsèy sou kesyon kle Florid daprè yon pèspektif kominotè.  Konsil la kontinye jwe wòl konseye pou Gouvènè a atravè plizyè ane, e jodi a li egziste pou pwomouvwa kwasans ekonomik nan Florid e amelyore byennèt ekonomik ak bon kalite lavi pou sitwayen li yo.  Konsil la se te premye nan kalite sa a nan Etazini.

 

###

12/JS/341/GC/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès