|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 16 avril 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
LEKÒL SEGONDÈ MIAMI NORTHWESTERN AP FÈ PREMYE
FWA SANTE ANYÈL LI
MIAMI – Pwogram Magnèt Medikal Lekòl Segondè Miami Northwestern, an patenarya avèk “City Year Miami”, ap fè premye Fwa Sante Anyèl li. Evènman sa a ki gratis e ouvè pou piblik la, ap fèt nan kanpous Lekòl Segondè Miami Northwestern, 1100 N.W. 71st Street, samdi 28 avril 2012, kòmanse 12:30 nan aprèmidi pou 3:30 nan aprèmidi.
Vandè yo ap bay sèvis sante, fòmasyon sou aktivite fizik, e materyèl edikasyonèl sou yon varyete kesyon sou sante ki afekte kominote Liberty City ak Little Haiti. Sèvis gratis yo ap gen ladan depistaj dantè, HIV/STD, sik, ak kolestewòl, ansanm ak tès tansyon ak BMI (Endikatè mas/pwa kò moun). Pòsyon edikasyonèl evènman an ap bay enfòmasyon konsènan sante fanm, diferan sèvis finansye, ak manje ki bon pou lasante (atravè prezantasyon ‘Be Organic’ ak ‘Short Chef’). Eleman aktivite fizik evènman an pral gen ladan sesyon atravè jounen an avèk antrenè pèsonèl sètifye ansanm ak yoga avèk “Yoga Gangsters”, ki pral edike patisipan yo sou fason senp e diferan pou entegre aktivite fizik nan lavi yo chak jou. Anplis eleman prensipal fwa sante a, ap genyen yon Kwen pou Timoun ki pral sèvi kòm toude, yon kote ki gen sekirite pou timoun reyini, ansanm ak yon kote pou edike yo sou enpòtans manje ki bon pou lasante ak aktivite fizik yon fason ki amizan e ki apwopriye avèk laj yo. Pou plis enfòmasyon, silvouplè rele 305-836-0991.
###
12-JS/342/TTR/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |