POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 19 avril 2012  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

TWA LEKÒL ELEMANTÈ RESEVWA DON “ANNENBERG”

MIAMI – Lè elèv nan lekòl elemantè Nathan B. Young, Arcola Lake ak Robert B. Ingram retounen lekòl ann otòn, y ap genyen nouvo ekipman ak materyèl estimilan pou amelyore enstriksyon nan salklas yo ak aprantisaj elèv. Sa rive fèt gras a jenewozite “Leonore Annenberg School Fund for  Children” (Fon Lekòl pou Timoun ‘Leonore Annenberg’), ki te bay chak lekòl sa yo fon pou yon total $208,000. “Council for Educational Change” (Konsil pou Chanjman Edikasyonèl) ki te nonmen tout lekòl yo, te non sèlman asiste yo nan ekri don an, men li te sèvi tou kòm yon ajan fiskal e li te bay asistans avèk egzekisyon fon an.
 
Nan travay avèk òganizasyon ki se patnè li nan Florid pou l idantifye lekòl ki kandida yo, Fon Lekòl pou Timoun Leonore Annenberg bay plizyè don chak ane pou lekòl ki sèvi popilasyon elèv kote omwen 90 pousan nan yo kalifye pou pwogram repa-midi gratis oubyen nan pri redui gouvènman federal la. Pwojè yo dwe touche tou chak elèv nan lekòl la e ofri valè ak itilite imedyat.  Nan lekòl elemantè Robert B. Ingram ak Nathan B. Young, teknoloji pral ofri yon nouvo vizyon enteresan pou matematik ak syans e sa pral ekspoze elèv yo a nouvo opòtinite pou yo aprann. Nan Lekòl Arcola Lake, elèv yo pral pwofite de yon gwo konsantrasyon sou fòmasyon debaz nan toude, salklas la ak nan sant medya lekòl la.
 
Aktyèlman, Fon an bay don nan lekòl Vil New York, Houston, Sid Florid, Chattanooga, ak nan zòn riral ki gen gwo povrete Ozetazini. Twa lekòl nan Florid yo ap fè acha ak lajan fon an kounye a pou pwojè yo ka pare pou sèvis nan premye jou ane lekòl 2012 – 2013 la.
 
Se defen Leonore Annenberg yon Filantwòp ki te finanse Fon pou Timoun Leonore Annenberg la kòm administratè Fondasyon Annenberg.  Kounye a Fon Lekòl la se yon pwojè Sant Politik Piblik Annenberg nan Inivèsite Pennsylvania. Yo pa aksepte demand pou sipò fon an lè yo pa mande l. Vizite www.leonoreannenbergscholarships.org pou plis enfòmasyon.

 

###

12-JS/343/TTR/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès