POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 18 avril 2012  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS AP OBSÈVE JOUNEN POU MENNEN PITIT OU NAN TRAVAY 3 ME,
AKOZ EGZAMEN FCAT

MIAMI – “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap obsève Jounen pou Mennen Pitit ou nan Travay 3 me 2012, akoz pwogramasyon “Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif nan Florid).  Kòm FCAT la ap fèt jis rive 27 avril, li nesesè pou nou repwograme jounen an parapò ak jou yo abitye obsève li nasyonalman ki se 26 avril pou 3 me, pou minimize entèferans nan egzamen yo.   

###

12-JS/345/TTR/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès