|
YO NONMEN YON FONDASYON DISTRI A KÒM YON FINALIS POU PRIM ANYÈL NOVO YO AP PREZANTE 2 ME Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pral prezante diskou espesyal, Yo chwazi “Foundation for New Education Initiatives, Inc. (FNEI)” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon) kòm youn nan twa finalis pou 11yèm Prim ‘NOVO’ pou Chanm Kòmès Gran Vil Miami nan kategori $2 milyon e plis la. Yo ap anonse gayan an nan repa-midi Administratè, a kòmanse 11:30 dimaten pou 1:30 nan aprèmidi mèkredi 2 me nan Jungle Island, 1111 Parrot Trail. An premye, nan repa-midi a y ap prezante Sipèentandan “Miami-Dade County Public Schools (MDCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) Alberto M. Carvalho ki ap fè yon prezantasyon ki rele, “Eritaj Enstriksyon.” Wòl edikasyon se fondasyon inisyativ Yon Kominote Yon Bi pou kreyasyon travay. Prim NOVO yo rekonèt pwogram ki pa la pou pwofi ki fè yon diferans nan lavi moun yo ap sèvi yo, ki pwodui rezilta ki bay egzanp sou ekselans nan inovasyon, e ki prezante meyè pratik biznis ki pa la pou pwofi yo. Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te kreye FNEI an 2008 pou ogmante fon pou inovasyon edikasyonèl pou prepare elèv pou siksè nan twazyèm milenè a. Premye inisyativ Fondasyon an, yo te rele natirèlman Akademi ETO/Siksè, ap ede ogmante nòt egzamen elèv ak nòt responsablite lekòl atravè kominote a. Atravè Akademi Paran An, yon lòt inisyativ FNEI, paran siyen yon kontra pou asire prezans pitit yo nan Akademi Siksè a, pandan yo ap aprann sou pwòp wòl yo kòm patnè nan edikasyon atravè 10 semèn atelye lè samdi. Pou plis enfòmasyon, rele Iraida R. Mendez-Cartaya, Asistan Sipèentandan, M-DCPS,nan 305-995-1497; oubyen Evènman Espesyal Chanm nan, nan 305-577-5421 oubyen atravè lèt elektwonik nan spevents@miamichamber.com.
### 12-JS/351/HD/RL
|