|
YO NONMEN TERRA LEKÒL RIBAN VÈT Depatman Edikasyon Etazini nonmen Enstiti Rechèch Anviwònmantal TERRA Lekòl Riban Vèt. Li se youn nan 78 lekòl konsa nan peyi a ki gen distenksyon sa e li se youn nan sèlman twa Lekòl Riban Vèt nan Florid. Yo onore Lekòl Riban Vèt yo pou devouman yo nan ogmante konesans debaz gradye li yo genyen sou anviwònman, dèske li amelyore byennèt ak pèfòmans akademik elèv ak anplwaye menmjan ak redui anprent anviwònmantal li. Yo te kreye Pwogram Prim Lekòl Riban Vèt ane sa a pou rekonèt lekòl pou pwogram inovativ yo ki sipòte anviwònman, sante ak edikasyon. Lekòl Riban Vèt pwomote kolèj ak preparasyon karyè, gadyen anviwònmantal, an konpetans STEM (Syans, Teknoloji, Jeni, Matematik), ak efikasite nan enèji. TERRA se premye lekòl vèt distri lekòl la. Lekòl la montre angajman Distri a pou pratik ekolojik moun yo. Yo entegre nan kourikoulòm lekòl la prensip anviwònmantal ak konstriksyon. Inovasyon lekòl Magnèt la gen ladan itilize kondansasyon ki soti nan inite klimatizè yo pou wouze plant, kontwole flo dlo tiyo pou 20-segond, sèvi ak twalèt ki itilize mwens dlo ak limyè ki mache ak deteksyon mouvman. ### 12-JJS/353/DF/SD
|