|
ELÈV LEKÒL SEGONDÈ KROP EKSELE Chak prentan, Inivèsite Barry fè yon konpetisyon Olenmpik Syans ki fèt pou elèv lekòl segondè nan zòn lokal yo ki ap pran chimi ak fizik. Plis pase 150 elèv ki soti nan 13 lekòl Miami-Dade ak Broward patisipe nan konpetisyon tout jounen an ki gen ladan yon egzamen alekri, yon konpetisyon oral pa ekip, ak yon tounwa laboratwa. Olenmpik ane sa a te fèt 20 avril e ekip ki soti nan Lekòl Segondè Dtè. Michael Krop la te domine teren an e li te bay rezilta moun pa te janm bay anvan. Nan konpetisyon jeneral Chimi II (avanse) a, elèv Lekòl Segondè Krop te ranpòte premye plas, nan devanse Lekòl Ransom Everglades ak Akademi Pinecrest. Ekip Lekòl Segondè Krop la te gen ladan Netgie Laguerre, Kirlos Haroun, Salomon Vainstein, Jonas Shomorony. Anseyan ak antrenè ekip la se Dtè. David Buncher ak Dtè. John Trafton. Pou plis enfòmasyon kontakte Dawn M. Baglos, Direktè, Lekòl Segondè Dtè. Michael M. Krop, 305-652-6808.
### 12-JS/355/HD/RL
|