POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 26 avril 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY PIBLIYE
GWO CHIF SOU VAKSEN

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho anonse jodi a aprè yon revizyon apwofondi dosye yo, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ka deklare avèk konfidans yo gen yon to konfòmite 94.4 pousan vaksinasyon pou elèv setyèm ane eskolè e 91.6 pousan pou elèv jadendanfan, apatide 1ye fevriye 2012.

Carvalho di, “Yon revizyon konplè sou prèske 40,000 dosye elèv ede konfime elèv Miami-Dade konparab avèk elèv nan lòt zòn Florid… Sa dwe mete tèt paran yo anpè, lè yo konnen pitit yo ap etidye nan yon anviwònman ki ansante.”
 
Distri lekòl la, an kolaborasyon avèk Depatman Sante Miami-Dade ak “The Children’s Trust”, te travay pou analize e adrese yon kantite kesyon ki te bay aparans distri lekòl la te 23 pousan andeyò konfòmite, jan yo ekri nan yon seri atik ki te parèt ane dènyè nan jounal “The Miami Herald”.

Atik yo te endike konte Broward ak Palm Beach te plis pase 90 pousan an konfòmite avèk demand vaksen e elèv nan M-DCPS te gen plis risk akoz yon rapò ki te bay yon to konfòmite a 76 pousan.

Depatman Sante Miami-Dade ak “The Children Trust”, an kolaborasyon avèk M-DCPS te fòme yon Ekip Travay sou Vaksinasyon pou revize prèske 40,000 dosye elèv pou adrese kesyon endividyèl yo.

Yon ekip 15 anplwaye aplentan distri a e apwoksimativman 20 enfimyè ak anplwaye ekstèn, te rankontre chak jou nan yon establisman distri pandan plis pase senk mwa pou detèmine orijin to feblès sa a nan konfòmite a e korije kesyon ki te soulve pou yo te ka finalman ogmante to konfòmite a.

Rezon diferans “The Miami Herald” te repòte a, yo kwè se paske founisè sante prive elèv yo te mete kòd ki enkòrèk sou enfòmasyon yo. Pi gwo kategori enfòmasyon ki pa te kòrèk la se egzanpsyon medikal tanporè founisè ekstèn yo te bay avèk yon dat ekspirasyon ki twò lwen, ki fè dosye elèv yo pat konfòm, e ki lakoz to jeneral distri a desann.

Administratè M-DCPS yo ak Depatman Sante ap travay ansanm pou ajiste pwosedi ki pral asire Distri a resevwa enfòmasyon kòrèk nan men founisè sante ekstèn yo alavni e kontinye kenbe yon to konfòmite ki wo.

 

###

12/JS/356/JJS/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès