|
***DIFIZYON FOTO*** Yo te fè seremoni ouvèti lekòl MAST @ Homestead, 1ye me. MAST @ Homestead se yon akademi lekòl segondè magnèt ki ofri elèv aksè a yon lekòl segondè elit avèk pwogram avanse nan domèn Biyomedikal, Syans Famasetik, ak Terapi Fizik. Elèv yo ka etidye nan etablisman dènye kri sa a e gen aksè a dènye rechèch ki fèt nan domèn medikal. Lekòl la sot fè seremoni ouvèti li resamman. Foto anwo yo se (goch - dwat) Jaime Torrens, Ofisye Anchèf Etablisman; Valtena Brown Sipèentandan Rejyonal, South; Dtè. Lawrence S. Feldman Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl; Greg Zawyer, Direktè MAST@ Homestead; Alberto M. Carvalho, Sipèentandan Lekòl yo; Ian Carter, elèv nan MAST@ Homestead; Steve Bateman, Majistra, Vil Homestead ak Dtè. Helen Blanch, Asistan Sipèentandan, Lekòl Chwa.
### 12-JJS/359/GC/SD
|