POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 3 me 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

INIVÈSITE ONORE ANSYEN ELÈV YO KI ADMINISTRATÈ M-DCPS

Inivèsite ap rekonèt de (2) administratè Lekòl Leta Miami-Dade te ale, Madan Milagros R. Fornell, Asosye Sipèentandan, Kourikoulòm ak Enstriksyon e Dtè. Alexis L. Martinez, Sipèentandan Sant Rejyonal, Sant Rejyonal Santral Sid, pou reyalizasyon inik ansyen etidyan yo akonpli.

Yo te onore Madan Fornell kòm ansyen etidyan Eksepsyonèl ‘‘Florida International University (FIU)’’ (Inivèsite Entènasyonal Florid).  Li te resevwa Meday FIU a pandan seremoni gradyasyon Inivèsite a ki te fèt 1ye me 2012. Yo pwograme pou mete Dtè. Martinez nan ‘‘Hall of Fame’’ (lis onè) Ansyen Etidyan Kolèj Miami Dade ki Selèb, nan kategori edikasyon jedi 10 me 2012.

Atravè karyè yo, Madan Fornell ak Dtè. Martinez te sèvi Distri a nan anpil wòl lidè, ki gen ladan administratè nan andwa lekòl ak rejyonal. Toude demontre yon angajman solid pou edikasyon, ki fè yo resevwa anpil onè.

 

###

012-JJS/362/VVL/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès