POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 3 me 2012  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PWOGRAM MAGNÈT JENI WOBOTIK LEKÒL SEGONDÈ CORAL PARK RANPÒTE CHANPYONA NASYONAL NAN D.C.

Elèv nan pwogram Magnèt Jeni Wobotik Lekòl Segondè Coral Park se chanpyon nasyonal apre yo ranpòte Chanpyona Nasyonal Endistri “ACE Mentor Round Table” nan Washington, D.C., fen semèn pase a.  Yo te chwazi trant nèf lekòl sou yon total 300 aplikan pou fè konpetisyon nan final la.

Atravè yon peryòd 16 semèn, elèv magnèt Coral Park te travay anba sipèvizyon 13  anplwaye Turner Construction pou trase yon plan pakin eksepsyonèl ki pral lokalize nan  zòn Brickell Miami.  Plan espesyal sa a gen ladan espas an detay ak sèvis nan premye etaj  la, ak yon restoran tèm Italyen ak yon sal sinema nan dènye etaj anlè a.  Toude, elèv ak  konseye yo te pran desizyon sou plan an, devlope estimasyon frè yo, fè plan lojistik ak  orè konstriksyon an, e desine pwojè a nan pwogram òdinatè “Revit.”   

Yon panèl ki gen ladan manm Endistri Konstriksyon Round Table jije pwojè yo e yo chwazi Coral Park pou li resevwa gran pri $5,000 a. 

ACE reprezante “Architecture, Construction and Engineering” (Achitekti, Konstriksyon  ak Jeni), e pwogram nan asosye elèv lekòl segondè ki gen yon enterè nan domèn sa yo  avèk pwofesyonèl ki volontè pou yo travay pandan 16 semèn avèk jèn sa yo sou kèk  pwojè espesyal.  Pwogram Konseye ACE a ouvè pou nenpòt elèv lekòl segondè ki gen  kiryozite ak volonte pou aprann konsènan yon karyè nan desen ak konstriksyon – soti nan  kontra ak jeni rive nan achitekti ak amenajman jaden.   

Kounye a elèv lekòl segondè Miami-Dade County kapab benefisye yon pwogram ki atravè tout peyi a ki fèt pou entwodui yo nan gran domèn opòtinite karyè ki ouvè pou jèn moun nan achitekti, konstriksyon, jeni, ak disiplin ki nan menm domèn ak endistri desen bilding ak konstriksyon.     

Pou plis enfòmasyon, kontakte Lekòl Segondè Coral Park nan 305-226-6565, oubyen  afilye ACE Miami-Dade Goran Ljustina, nan 305-796-4750.   

 

###

12-JS/363/HD/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès