POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 4 me 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YON BAY KOMITE ELÈV LEKÒL SEGONDÈ MIAMI PALMETTO
PRIM MEDAY LÒ KOMITE NASYONAL EKSELANS


“National Association of Student Councils (NASC)” (Asosyasyon Nasyonal Komite Elèv) bay resamman Komite Elèv Lekòl Segondè Miami Palmetto Prim Meday Lò Komite Nasyonal Ekselans.  Palmetto te pami 190 lekòl segondè atravè peye a, youn nan nèf nan eta e se sèl lekòl nan Miami-Dade County yo te chwazi pou onè sa a.

Yo akòde prim Meday Lò Nasyonal Komite Ekeselans bay komite elèv ki te demontre pi wo nivo kalite lidè ak aktivite sèvis, jan yo te demontre li nan satisfè tout "Estanda yo Mande" ak yon pi gwo kantite "Estanda Adisyonèl."

Asosyasyon Prim Nasyonal Komite Ekselans NASC bay rekonesans Nasyonal a Komite Elèv ki demontre kalite lidè konsistan ak aktivite lidè dekalite e sèvis pou lekòl ak kominote yo, e entwodui jèn elèv nan wòl lidè.  Prim sa a bay yon pi gwo rekonesans pou pifò efò remakab manm konsèy NASC yo.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Dtè. Allison Harley, Direktris Lekòl Segondè Palmetto, nan 305-235-1360.

 

###

12-JS/364/HD/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès