POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 4 me 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN YON ELÈV LEKÒL SEGONDÈ CORAL REEF GAYAN
“DOODLE 4 GOOGLE” POU ETA A


Yo chwazi Walker Paulsen, yon elèv dènye ane nan Lekòl Segondè Coral Reef kòm gayan “Doodle 4 Google” pou Florid. Reprezantan Google te prezante l yon prim 2 me nan lekòl la. Walker prale nan Ringling College of Art and Design nan otòn nan.

“Doodle 4 Google” se yon konpetisyon ki ouvè pou elèv lekòl Etazini ki nan klas jadendanfan rive 12yèm ane eskolè pou yo kreye pwòp “Google doodle” yo. Tèm ane sa a pou “doodle” yo se "Si m te ka vwayaje nan tan, mwen ta vizite…" Nan 114,000 aplikasyon, te gen sèlman 50 gayan eta.  

Pifò konpayi yo pran logo Kòporasyon yo seryezman e pandan Google fè sa tou, yo pran amizman oserye tou. Konbinezon toude se sa ki fè yo vin refere a yo kòm yon "doodle." Genyen plis pase 1000 “doodle” pou paj akèy yo toupatou nan mond lan k ap selebre karaktè tankou “Big Bird” rive nan “Batman”. Genyen “doodles” ki fonksyone globalman (atravè tout paj akèy Google yo) e gen lòt ki sèlman rete nan yon peyi.

Y ap chwazi gayan an nan Vil New York 17 me e prim yo ap gen ladan lajan bous pou ale nan kolèj.  Y ap chwazi yon gayan nasyonal pami 50 gayan eta yo nan sèvi ak vòt sou Entènèt.  Delè pou vote se 16 me.  Pou vote pou Walker vizite:  http://www.google.com/doodle4google/vote.html#d=d5-3

 

###

12-JJS/365/GC/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès