|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 9 me 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
LEKÒL SEGONDÈ M-DCPS YO KLASE PAMI MEYÈ LEKÒL NAN
U.S. NEWS & WORLD REPORT
MIAMI – U.S. News & World Report anonse katriyèm edisyon yo sou klasman Meyè Lekòl Segondè yo, yè.
Nan Klasman Meyè Lekòl Segondè nan kategori Eta, gen senk lekòl segondè Miami-Dade ki pami 20 Meyè lekòl nan Florid:
1 – Design & Architecture Senior High (DASH)
2 – Young Women’s Preparatory Academy
11 – Maritime & Science Technology Academy (MAST)
15 – Coral Reef Senior High
17 – New World School of the Arts (NWSA)
Nan Klasman Nasyonal ane sa a, jounal la bay 500 meday lò e senk lekòl Miami-Dade County rive fè nòt kòm Meyè Lekòl Segondè Etazini pou 2012:
16 – DASH
26 – Young Women’s Prep
73 – MAST
131 – Coral Reef Senior High
186 – NWSA
Nan kategori Meyè Lekòl Magnèt, twa lekòl Dade rive nan 20 premye yo:
2 – DASH
5 – Young Women’s Prep
17 – MAST
Yo te analize prèske 22,000 lekòl segondè ki soti nan 49 eta ak “District of Columbia” nan sèvi ak yon fòmil “American Institutes for Research” (Enstiti Ameriken pou Rechèch), youn nan pi gwo òganizasyon rechèch sou konpòtman ak syans sosyal nan lemond. Yo itilize yon pwosesis an twa etap pou detèmine meyè lekòl segondè yo. De premye etap yo asire lekòl yo sèvi tout elèv yo byen, nan sèvi ak pèfòmans elèv yo nan egzamen konpetans eta a kòm referans. Pou lekòl ki pase de premye etap yo, gen yon twazyèm etap ki mezire degre lekòl la prepare elèv yo pou travay nan nivo kolèj.
Tout lis lekòl sa yo disponib kounye a sou sit Entènèt U.S. News la: http://www.usnews.com/education/high-schools/articles/2012/05/08/us-news-ranks-nations-best-high-schools.
###
12-JS/370/HD/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |