|
M-DCPS FÈ YON AKÒ AVÈK VILAJ CUTLER BAY Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te vote resamman pou l apwouve yon akò Entè-Lokal avèk Vilaj Cutler Bay. Akò a etabli yon kolaborasyon sou finansman pou egzekite rekonfigirasyon lekòl mwayen Cutler Ridge ak Centennial pou yo tounen yon Akademi 6yèm-12yèm Ane Eskolè, e pou etabli yon pwogram Cambridge avèk yon konsantrasyon sou twa akademi: “Environmental Sciences (COAST)” (Syans Anviwònmantal), yon pwogram magnèt yo ap pwolonje jiska 12yèm ane eskolè; Ar Liberal; ak iPrep. Kòmanse nan ane lekòl 2012-2013, elèv ki ap antre nan sizyèm ane eskolè ki abite nan limit Cutler Ridge oubyen Centennial prale nan Lekòl Mwayen Cutler Ridge, moun konnen kounye a kòm Akademi Nivo Ba a, e Centennial, Akademi Nivo Wo a, pral akeyi premye klas elèv k ap antre nan nevyèm ane eskolè yo.
### 012-JJS/371/DF/RL
|