|
M-DCPS AP FÈ DEZYÈM LANSMAN ANYÈL, ‘MACHE 10,000 PA CHAK JOU POU KA ANFÒM, 19 ME Dezyèm lansman anyèl pou 10,000 Pa Chak Jou, yon pwogram gratis, mache volontè kote objektif la se ede moun pèdi pwa ak amelyore fason yo viv, pwograme pou 19 me a 8:30 dimaten rive 12:30 nan aprèmidi nan Lekòl Segondè Barbara Goleman. Lekòl la lokalize nan 14100 N.W. 89th Avenue, Miami Lakes, FL 33018. Nan evènman an, patisipan yo pral pran aparèy (podomèt) ki mezire distans moun mache, mayo ak boutèy pou dlo. Anplwaye ap disponib avèk òdinatè pòtab yo pou asiste anplwaye ki pa t enskri. Vandè pral ofri depistaj sante gratis tankou tchèk tansyon, depistaj biyometrik, depistaj vizyon, enfòmasyon sou sante ak byennèt e demonstrasyon egzèsis. Anplwaye “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ka enskri sou Entènèt e resevwa yon podomèt pou mezire pwogrè yo chak jou nan objektif reyalizasyon 10,000 pa a. Atravè pwogram uit semèn nan, patisipan yo pral anrejistre pa yo sou sit Entènèt la. Peryòd enskripsyon an se pou 14 – 20 me 2012. Dat reyèl pwogram nan ap kòmanse se 21 me. Patisipasyon ouvè pou manm Cigna M-DCPS ak depandan yo. ### 012-JJS/371/DF/RL
|