POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 17 me 2012       

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

MWEN KA FÈ L, OU KA FÈ L
Prezantasyon Prim Estil Vi Aktif Prezidan an

KIYÈS: 
Shellie Pfohl, Direktris Egzekitif, Konsil Prezidan an sou Bon Kondisyon Fizik, Espò, ak Nitrisyon; Michael Johns, Finalis Sezon 7 Idòl Ameriken; Clara Blum, Biwo Egzekitif, Kamani; Sonia Ottaway, Prezidan, Netball America; elèv Lekòl Leta Miami-Dade County
KISA:
Prezantasyon Prim Estil Vi Aktif Prezidan an
KILÈ: 

Madi 22 me 2012
11è dimaten pou 1è nan aprèmidi

KI KOTE: 

Felix Varela Senior High School
15255 S.W. 96th Street
Miami, Florida 33196   

POUKISA:

Pwogram “I Can Do It, You Can Do It” (Mwen Ka Fè L, Ou Ka Fè L) se yon inisyativ Biwo Andikap ki nan Depatman Sante ak Sèvis pou Moun Etazini devlope, ki fè pati yon pwogram bon kondisyon fizik/aktivite ki konekte konseye ak elèv ki gen andikap.  Konseye a ofri fòmasyon ak gidans pou ede timoun vin aktif fizikman pou 30 minit pa jou, 5 jou pa semèn, nan entèval 8 semèn.  Elèv ki gen andikap ki fini pwogram nan resevwa patch ak sètifika Prim Estil Vi Aktif Prezidan an.  Yo te fè pwogram sa a pou adrese pwoblèm obezite ak dyabèt tip II kay timoun ki gen andikap, ki gen plis chans pou yo inaktif.  Evènman sa a asosye avèk Kanpay “Let’s Move” (Annou Bouje) Madan Obama a e Konsil Prezidan an sou Bon Kondisyon Fizik, Espò, ak Nitrisyon sipòte li.

KONTAKTE:
Dtè. Jayne Greenberg, Direktris Distri, Edikasyon Fizik ak Konesans Debaz sou Sante, nan 305-995-1963.

# # #

012-JJS/374/VVL/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès