POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 21 me 2012       

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

MAGNÈT MIZE LEKÒL ELEMANTÈ W.J. BRYAN
AP PREZANTE LIV ‘NAN ZYE ZANMI AYISYEN MWEN AN’

KIYÈS: 

Elèv Magnèt Mize Lekòl Elemantè W.J. Bryan, paran, ak sitwayen ki enterese

KISA:

Prezantasyon ak Siyati Liv “Through the Eyes of My Haitian Friend” (Nan Zye Zanmi Ayisyen Mwen an) yon liv edisyon limite elèv premye ane eskolè kreye

KILÈ: 

Mèkredi 23 me 2012
5:30 – 6:30 diswa

KI KOTE: 

W.J. Bryan Elementary Museums Magnet School, Cafeteria
1201 N.E. 125 Street
North Miami, Florida 33161 

POUKISA:

“Nan Zye Zanmi Ayisyen Mwen an” te orijinalman yon liv san parèy, pentire alamen avèk tèks orijinal ann Anglè e Kreyòl elèv premye ane eskolè te kreye an kolaborasyon avèk Mize Eritaj Ayisyen ak konsiltan moun ki fè liv, Lea Nickless. Elèv yo klase nan laj sis a uitan avèk diferan etnisite. 

Liv sa a te tèlman fè ekla yo deside enprime 100 kopi pwofesyonèl edisyon an e yo pral prezante yo 23 me. 

Pwogram magnèt mize a devlope patenarya solid avèk mize e enstitisyon kiltirèl lokal nan Miami-Dade County.  Edikatè mize yo travay kòtakòt avèk pwofesè salklas, nan konekte kourikoulòm ki chita sou estanda avèk objè ak atizay ki soti nan mize respektif yo ansanm ak vizite bilding e andwa istorik atravè konte a.  Kourikoulòm entegre sa a, ki konsantre prensipalman sou enstriksyon ki baze sou objè- ak pwojè, aksantye sou rezolisyon pwoblèm, kominikasyon, eksplorasyon, envansyon ak sondaj atravè vizit kontinyèl nan mize ak lokal patnè kiltirèl yo:  Lekòl Elemantè W.J. Bryan – Jaden Botanik Twopikal Fairchild, Mize Eritaj Ayisyen, Mize Istorik Sid Florid; Mize Ar Kontanporen; Mize Coral Gables ak Administratè Eritaj Dade.

KONTAKTE:

Rosemarie Wolfson, Pwofesè Anchaj, nan 305 299-1550.

# # #

012-JJS/379/VVL/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès