POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 22 me 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO CHWAZI DIREKTÈ MIAMI BEACH KÒM ‘DIREKTÈ FLORID POU ANE A’ 

“Florida Association of School Administrators' (FASA)” (Asosyasyon Administratè Lekòl Florid) chwazi Dtè. Rosann P. Sidener, direktris Lekòl Segondè Miami Beach kòm Direktris pou Ane 2012. Sidener pral reprezante Florid nan konpetisyon Nasyonal Direktè “Metlife/NASSP” pou Ane 2013 la 13 jen.

Sidener, yon edikatris veteran depi 18 ane avèk Lekòl Leta Miami-Dade County, ap sèvi kòm direktris Lekòl Segondè Miami Beach pou dènye senk ane yo. Anba direksyon li, Lekòl Segondè Miami Beach ogmante toude, nòt responsablite lekòl li: soti nan ‘D’ an 2007 rive nan ‘A’ an 2011, e pousantaj gradyasyon li: soti 63 pousan rive 75 pousan.

Sidener di nan aplikasyon li a: "Mwen te vle asire kominote lekòl la travay ansanm pou devlope estrikti gouvènans aktif ki ta ka ofri sistèm ak pwosedi pou rasanble, analize e ekilibre enfòmasyon ansanm ak devlope règ, pou gide efò amelyorasyon lekòl la”.

Pou simonte defi resan nan bidjè a, Sidener te fòme patenarya avèk plizyè biznis ak ajans lokal pou ofri elèv plis resous ak opòtinite tankou fè estaj ak eksperyans pratik.

Asosyasyon Administratè Lekòl Florid se yon kowalisyon asosyasyon atravè tout eta a ki reprezante prèske 11,000 administratè edikasyon atravè Florid.  Li sèvi e sipòte objektif pwofesyonèl administratè edikasyon Florid yo. Pwogram Nasyonal Direktè “MetLife/NASSP” pou Ane a te kòmanse an 1993 kòm yon mwayen pou rekonèt direktè ekselan nan nivo mwayen ak segondè. Pwogram nan onore anyèlman direktè lekòl segondè ki reyisi nan ofri bonjan opòtinite pou elèv aprann, ansanm ak demontre kontribisyon egzanplè pou pwofesyon an.

 

###

12-JS/380/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès