POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 22 me 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

DIS LEKÒL M-DCPS NAN LIS NEWSWEEK POU MEYÈ LEKÒL SEGONDÈ OZETAZINI POU 2011

Dis lekòl segondè leta nan Miami-Dade rive jwenn plas yo nan lis magazin Newsweek pou 1000 Meyè Lekòl Segondè Ozetazini.  Yon total 69 lekòl nan Florid nan lis prestijye sa a, yo pibliye semèn sa a.  Gen dis ki nan Miami-Dade County. 

Men lekòl segondè Miami-Dade ki nan lis la nan lòd sa ki nan meyè pozisyon yo:

  • School for Advanced Studies (12)
  • MAST Academy (58)
  • Coral Reef (69)
  • Design & Architecture Senior High (211)
  • New World School of the Arts (214)
  • Doral Academy Charter (567)
  • International Studies Charter (568)
  • Miami Palmetto (608)
  • Doctors Charter (727)
  • Mater Academy Charter (844)

Newsweek, ki ap klase meyè lekòl Etazini yo depi plis pase dizan, ekspoze 1,000 meyè lekòl segondè leta nan peyi a – sa ki bay prèv yo pi efikas nan pwodui elèv gradye ki pare pou kolèj.  Lis la baze sou sis eleman administratè lekòl yo bay: to gradyasyon (25 pousan), to enskripsyon nan kolèj (25 pousan), egzamen AP/IB/AICE chak elèv pran (25 pousan), mwayèn nòt SAT/ACT (10 pousan), mwayèn nòt egzamen AP/IB/AICE chak elèv pran (10 pousan), ak kou AP yo ofri chak elèv (5 pousan).   

Yo te evalye yon total 2,300 lekòl pou yo pwodui lis final 1,000 meyè lekòl segondè yo.  Pou  yon lis konplè lekòl yo, vizite sit Entènèt Newsweek la nan: http://www.thedailybeast.com/newsweek/2012/05/20/america-s-best-high-schools.html.

###

12-JS/381/HD/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès