|
CHÈMANN KOMISYON KONSÈY LEKÒL LA HANTMAN, SIPÈENTANDAN LEKÒL YO CARVALHO ALE NAN KONFERANS JESYON ANPLWA 2012 USDOE NAN CINCINNATI Chèmann Kominsyon Konsèy Lekòl la Perla Tabares Hantman ak Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho pral rankontre ak Sekretè Edikasyon Etazini Arne Duncan, lidè nasyonal nan edikasyon e plis pase 100 ekip lidè distri ak eta nan Cincinnati jodi a pou lanse de jou Konferans Jesyon Anplwa 2012 la. Karen Aronowitz, prezidan “United Teachers of Dade” (Sendika Pwofesè) ap patisipe tou. Sesyon ouvèti jodi a ap kòmanse a 1è pou 2:15 nan aprèmidi e nou ka wè li ANDIRÈK nan http://www.ustream.tv/channel/education-department. Lidè yo pral diskite defi ane pase yo e pwogrè nan kolaborasyon pou transfòme pwofesyon ansèyman nan sèvis pou ogmante siksè elèv. Sesyon kloti a ap fèt jedi 24 me a 2è pou 2:30 nan aprèmidi.
### 12-JS/384/HD/SD
|