|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 29 me 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
M-DCPS RESEVWA SÈTIFIKA SIKSÈ NAN RAPÒ FINANSYE
MIAMI – Miami-Dade County Public Schools (Lekòl Leta Miami-Dade County) resevwa Sètifika Siksè pou Ekselans nan Rapò Finansye nan men “Government Finance Officers Association (GFOA)” (Asosyasyon Ofisye Finans Gouvènman) Ozetazini ak Canada. Yo rekonèt M-DCPS pou “Comprehensive Annual Financial Report (CAFR)” (Rapò Finansye Anyèl Konpreyansif) li a. M-DCPS ap resevwa onè sa a depi 26 ane ki fè li vin youn nan peryòd prim ki pi long pou nenpòt minisipalite oubyen distri lekòl nan peyi a.
Yo te prezante Prim Siksè nan Rapò Finansye a nan Biwo Kontwolè Distri a, anba direksyon Kontwolè Connie Pou. Yon panèl san patipri sipèvize seleksyon gayan CAFR yo. Moun ki ap resevwa prim yo dwe satisfè gwo estanda, ki gen ladan abilite pou kominike previzyon finansye òganizasyon an efikasman e pou ankouraje fiti itilizatè yo pou yo li CAFR la.
Yon òganizasyon ki pa la pou pwofi, GFOA sèvi anviwon 17,500 pwofesyonèl finans gouvènman avèk biwo li nan Chicago e li gen biwo li nan Washington, D.C.
###
12-JS/386/DF/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |