|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 24 me 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
ELÈV LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY DEPASE LÒT ELÈV ETA A NAN REZILTA FCAT TWAZYÈM ANE ESKOLÈ MALGRE ESTANDA YO OGMANTE E LI GEN PLIS ELÈV KI AP APRANN ANGLÈ
Elèv twazyèm ane eskolè Lekòl Leta Miami-Dade County poste jodi a rezilta pati matematik ak redaksyon “Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif Florid) ki depase rezilta egzamen an nan eta a. Yo te jwenn gwo rezilta malgre egzamen yo te pi difisil e nivo nòt pou pase yo te pi wo, ak gwo kantite “English language learners (ELL)” (elèv ki ap aprann lang Anglè) nan lekòl leta Miami-Dade yo.
Nan lekti, pousantaj elèv Miami-Dade ki resevwa nòt pasaj nan nivo 3 - 5 te ogmante a yon pwen pousantaj, pandan nivo kondisip yo atravè eta te desann a yon pwen pousantaj. Nan matematik, elèv lekòl Miami-Dade yo te resevwa yon nòt reyisit nan yon nivo 60 pousan, konpare ak 58 pousan atravè eta a.
Rezilta FCAT yo jodi a trè enpòtan paske elèv twazyèm ane eskolè bezwen yon nòt reyisit nan lekti pou yo ale nan katriyèm ane eskolè. San yon nòt reyisit, elèv yo riske double 3yèm ane eskolè.
Sipèentandan Lekòl Miami-Dade yo Alberto M. Carvalho di, “Menmlè nou gen rezon fyè de pèfòmans elèv ak pwofesè nou yo, nou prevwa malgre rezilta sa yo, nòt pèfòmans lekòl yo ka soufri akoz ogmantasyon estanda ak entegrasyon elèv k ap aprann Anglè yo nan fòmil ane sa a”. Miami-Dade sèvi apwoksimativman 70,000 elèv ELL atravè tout distri a, oubyen prèske twa fwa kantite elèv lòt gwo distri yo sèvi nan Eta a. Elèv twazyèm ane eskolè ki te pran klas pandan dezan, yo kenbe yo nan menm nivo retansyon obligatwa eta a, ak elèv Anglè se lang matènèl yo, malgre etid rechèch ki montre yo bezwen yon peryòd tan ki pi long pou atenn yon metriz akademik konplè.
Komisyonè Edikasyon Florid la te voye yon avètisman pi bonè ane sa a, ki di nòt elèv ak nòt pèfòmans lekòl t ap bese akoz ogmantasyon estanda yo.
Sa se premye fwa yo pral kenbe elèv k ap aprann Anglè ak elèv ki gen andikap nan menm nivo estanda ak lòt elèv e y ap enkli nòt yo nan nòt pèfòmans lekòl, yo atann ki ap pi ba. Yo atann pou nouvo estanda FCAT yo gen yon gwo efè paske Miami-Dade gen yon gwo pousantaj elèv k ap aprann Anglè nan lekòl leta konte a.
Pi bonè ane sa a, Komisyon Konsèy Edikasyon Eta a te konvoke yon reyinyon ijans pou adrese yon bès nan konpetans redaksyon e ki te fòse yo ajiste nòt konpetans egzamen an.
Yo pwojte pou pibliye nòt pèfòmans lekòl yo nan fen jiyè konsa.
###
012-JS/387/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |