POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 25 me 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN LEKÒL YO ALBERTO M. CARVALHO AP FÈ YON PREZANTASYON NAN KONFERANS EDIKASYON FLORID, 29 ME

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ap fè yon prezantasyon nan Twazyèm Konferans Anyèl Florid sou Edikasyon k ap fèt Orlando madi 29 me. “Florida Sterling Council” la, an kolaborasyon avèk Depatman Edikasyon Florid, ap patwone evènman sa a pou yo reyini ansanm, direktè, pwofesè, lidè asosyasyon, manm komisyon konsèy lekòl ak kominote biznis la pou pwolonje e maksimize sou sa ki ap mache byen nan edikasyon.  Sijè Msye. Carvalho pral trete a se “Sove Lekòl Leta yo.”

Etabli an 1992, “Florida Sterling Council” se yon kowòporasyon ki pa la pou pwofi Biwo Egzekitif Gouvènè a sipòte. Li konpoze ak manm sektè piblik ak prive. Se Komite Egzekitif la ki dirije Konsil la, ki sipèvize Prim “Sterling” Gouvènè a pou Pèfòmans Ekselans e tout aktivite pwosesis “Sterling” nan, ki gen ladan konferans anyèl “Sterling” nan.

 

###

12-JS/388/GC/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès