POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 15 jen 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN LEKÒL YO ALBERTO M. CARVALHO
RESEVWA ‘ORDEM DE MÉRITO CIVIL’ (MERIT ONÈ SIVIL) NAN MEN PREZIDAN PÒTIGAL LA

Prezidan Pòtigal la onore Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ak yon ‘‘Ordem  de Mérito Civil” kòm yon ofisye.  ‘‘Ordem  de Mérito Civil’’ la se ekivalan Meday Onè Prezidansyèl Ozetazini e yo te  akòde li kòm yon pati selebrasyon Jounen Pòtigal.

Mye. Carvalho di, "Prim sa a se yon validasyon travay yon imigran nan yon kominote akeyan tankou Miami-Dade … E, konsa, mwen pwolonje onè sa a bay tout kominote a.

Prezidan Pòtigal la ka akòde ‘‘Ordem  de Mérito Civil” la pou "rekonpanse aksyon oubyen sèvis merit pratik nan egzèsis nenpòt fonksyon, piblik oubyen prive, oubyen ki devwale enkyetid ak abnegasyon nan sèvis gwoup la."  Objektif 'Ordem' nan, se pou rekonèt sèvis sitwayen ki gen nasyonalite Pòtigè, sitwayen etranje, e/oubyen kòporasyon konsènan ansèyman ak aktivite piblik ki enfliyanse pwogrè ak pwosperite peyi a.

 

###

12-JJS/390/GC/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès