|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 25 me 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
PWOGRAM ESTAJ ONÈ NAN MIZE SYANS MIAMI
AK MIZE E JADEN VIZCAYA
|
Administratè Distri ak lekòl, elèv, paran ak sitwayen ki enterese
|
|
Evènman Kote M-DCPS Ap Onore Pwogram Estaj nan Mize Syans Miami ak Mize e Jaden Vizcaya |
KILÈ: |
Madi 29 me 2012
6:30-7:30 diswa
|
KI KOTE: |
Miami Science Museum, Auditorium
3280 South Miami Avenue
Miami, Florida 33129
|
POUKISA: |
M-DCPS Ap Onore Pwogram Estaj nan Mize Syans Miami ak Mize e Jaden Vizcaya ki se yon patenarya ant Distri a, Miami-Dade County, ak de mize yo. Pwogram estaj la, yon pwogram sansibilizasyon, ki mete ansanm elèv Akademi MAST ak Lekòl Segondè Coral Gables pou kolabore sou aktivite aprantisaj yo fè pou tout yon semès, ki baze sou pwojè ak aktivite aprantisaj mond reyèl la.
Pwogram estaj sa a abouti a yon evènman ki ekspoze akonplisman elèv yo pandan inogirasyon egzekisyon pwogram nan. Eksperyans estaj elèv yo ba yo opòtinite pou yo pale avèk pèsonèl mize a pandan yo ap kolabore avèk lòt elèv sou pwojè dijital an kolaborasyon avèk Mize Syans ak Mize e Jaden Vizcaya.
|
# # #
12-JJS/391/DF/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |