POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 29 me 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

*** DIFIZYON FOTO***  

DTÈ. ROSANN SIDENER, DIREKTRIS LEKÒL SEGONDÈ MIAMI BEACH,
AP RESEVWA PRIM SÈVIS DISTENGE, 2 JEN

Chanm Kòmès Miami Beach ap onore Dtè. Rosann Sidener kòm benefisyè Prim Sèvis Distenge Jan Pfeiffer pandan 90yèm Dine Gala Anyèl ak Vant Ozanchè Silansye samdi 2 jen nan Sant Konvansyon Miami Beach. Evènman sa a atire plis pase 1,200 pwofesyonèl biznis enfliyan nan Miami Beach pou rekonèt manm ki eksepsyonèl nan kominote a.
 
Yo prezante Prim Sèvis Distenge Jan Pfeiffer a chak ane depi 1987 bay moun oubyen konpayi kote patisipasyon ekstrawòdinè yo nan kominote a pote kokenn chenn kontribisyon nan Sid Florid.  Benefisyè pase yo gen ladan Tracy ak Alonzo Mourning e Dtè. Barth Green.

Dtè. Rosann Sidener, direktris Lekòl Segondè Miami Beach Senior, pral resevwa Prim Sèvis Distenge Jan Pfeiffer nan men Chanm Kòmès Miami Beach.

###

12-JJS/393/GC/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès