*** DIFIZYON FOTO*** Elèv Lekòl Mwayen Southwood, paran, anplwaye, manm PTSA ak manm ki enterese nan kominote a te rasanble ansanm 23 me 2012 pou Mach pou Kaely Camacho a. Nan evènman an yo ranmase $21,291 pou “Mothers Against Drunk Driving (M.A.D.D.)” (Manman Kont Moun ki Ap Kondui Pandan yo Sou), ki fè li se premye evènman lokal M.A.D.D. ki ranmase plis lajan anvan depans nan yon jounen lekòl.
Mach inèdtan an te fèt pou onore Kaely Camacho, yon elèv uityèm ane eskolè nan Lekòl Mwayen Southwood ki te pèdi lavi li akoz yon chofè yo akize ki te sou, ann avril dènye. Evènman an te gen ladan tou yon rasanbleman nan lari ak yon seremoni plante pyebwa. Elèv Lekòl Mwayen Southwood, paran, anplwaye, manm PTSA ak manm ki enterese nan kominote a te rasanble ansanm 23 me 2012 pou Mach Kaely Camacho a. Nan evènman an yo ranmase $21,291 pou Manman Kont Moun ki Ap Kondui Pandan yo Sou. ### 12-JJS/395/DF/RL
|