|
ELÈV M-DCPS GAYAN NAN KONPETISYON ANTREPRENARYA Twa elèv Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) se finalis nan konpetisyon ‘‘Network for Teaching Entrepreneurship (NFTE)’’ (Rezo pou Anseye Antreprenarya) nan sid Florid la. Plis pase 3,000 elèv nan 21 lekòl atravè Sid Florid te patisipe nan konpetisyon an. Yon ekip pwofesyonèl biznis ki reprezante konpayi ki gen bon repitasyon tankou Ernst and Young, MasterCard ak Knight Foundation te jije plan biznis elèv yo. Finalis yo gen ladan gayan premye plas Jhasir Bermudez ki soti nan Lekòl Segondè Miami Southridge, yo rekonèt pou biznis li “Prasinos Princess” (Prensès Prásinos). Yo rekonèt gayan dezyèm plas la Mariem Marquetti ki soti nan Lekòl Segondè John A. Ferguson pou biznis li ‘‘Unlimited’’ (San Limit). Yo rekonèt gayan twazyèm plas finalis Isis Clark ki soti nan Lekòl Segondè Miami Central pou biznis li ‘‘CookieCakes’’ (BonbonGato). Finalis yo ap reprezante Sid Florid nan konpetisyon plan biznis nasyonal NFTE a oktòb sa a nan Vil New York. ### 12-JJS/397/DF/SD
|