|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 4 jen 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
BIWO JESYON BIDJÈ A RANPÒTE PRIM NASYONAL
Biwo Jesyon Bidjè Lekòl Leta Miami-Dade County resevwa Prim Distenge pou Prezantasyon Bidjè pou bidjè aktyèl la nan men “Government Finance Officers Association of the United States and Canada (GFOA)” (Asosyasyon Ofisye Finans Gouvènman Etazini ak Kanada). Prim sa a se pi gwo rekonesans nan Previzyon bidjè gouvènmantal.
Etabli an 1984, Pwogram Prim Distenge pou Prezantasyon Bidjè a ankouraje e asiste eta a ak gouvènman lokal yo nan prepare dokiman bidjè pi gwo kalite posib ki reflete toude, machasuiv Konsil Konsèy Nasyonal la etabli sou Bidjè Eta ak Lokal e meyè pratik GFOA a sou bidjè. Li rekonèt tou gouvènman endividyèl ki reyisi nan akonpli bi sa a.
Asosyasyon Ofisye Finans Gouvènman Etazini ak Kanada se yon òganizasyon pwofesyonèl fonksyonè leta ki mete ansanm pou amelyore e pwomouvwa jesyon pwofesyonèl resous finans gouvènmantal yo nan idantifye, devlope e pwomouvwa estrateji fiskal, règ, ak pratik pou benefis piblik.
###
012-JJS/401/VVL/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |