|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 1ye jen 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
ELÈV LEKÒL MWAYEN M-DCPS FÈ GWO NÒT NAN EGZAMEN FEN-KOU ALJÈB I FLORID
MIAMI – “Florida Department of Education (FDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) pibliye nòt pou Egzamen “End-of-Course (EOC)” (Fen-Kou) pou Aljèb I, e elèv klas mwayen Distri a fè nòt remakab nan egzamen an avèk 90 pousan ki fè nòt Nivo 3 oubyen plis jan yo mande sa pou yon elèv ka jwenn kredi lekòl segondè.
Senkant de pousan elèv M-DCPS ki pran Aljèb I EOC a kòm yon repriz resevwa nòt reyisit, konpare a 43 pousan elèv parèy yo atravè tout eta a.
Amelyorasyon nan pousantaj reyisit elèv ki ap pran egzamen pou premye fwa nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) depase konsiderableman amelyorasyon elèv atravè tout eta a soti 2011-2012. Nivo siksè M-DCPS amelyore de nèf pwen pousantaj konparativman ak kat pwen pousantaj Eta a. Yo te bay Egzamen I Aljèb EOC a pou premye fwa an me 2011.
Yon gran majorite elèv ki te patisipe nan EOC a te nan 7yèm – 9yèm ane eskolè, e yo te mande yo pou yo fè nòt reyisit nan Nivo 3 pou yo ka resevwa kredi lekòl segondè pou kou a.
Egzamen EOC Florid yo se yon pati nan Plan Estratejik Florid pou Pwochen Jenerasyon an nan objektif pou ogmante reyalizasyon elèv e amelyore preparasyon yo pou kolèj ak karyè. EOC yo se Egzamen ki fèt sou òdinatè, “criterion-referenced” (baze sou kritè yo etabli alavans) ki mezire Estanda Eta Florid pou Pwochen Jenerasyon an pou kou espesifik, jan yo rezime sa nan deskripsyon yo.
###
12-JS/402/HD/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |