POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 5 jen 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS AP OFRI OND POU APRANN, 5 JIYÈ - 1YE OUT

Enskripsyon ouvè kounye a pou pwogram “Summer Waves of Learning” (Ond pou
Aprann ann Ete) Lekòl Leta Miami-Dade County pou 2012, yon varyete òf edikasyonèl inovatif. Dat fonksyònman jeneral yo se 5 jiyè rive 1ye out pou elèv lekòl elemantè ak mwayen. Kèk òf ap genyen yon lòt orè.

Pwogram Ond pou Aprann ann Ete ofri twa ond pou aprann diferan men ki konekte youn ak lòt ki adrese bezwen akademik elèv nan tout nivo ane eskolè atravè toude òf ond pou aprann yo, tradisyonèl ak Entènèt.

Ond pou aprann yo gen ladan Ond pou Aprann-R, ki ede elèv ki bezwen amelyorasyon nan matyè debaz oubyen ratrapaj nan travay klas oubyen egzamen yo pa pase. Ond pou Aprann-C a pèmèt elèv kontinye pran ladrès pou aprann pou yo ka ranplase tout konesans y ap pèdi nan vakans ete a e Ond pou Aprann-E a bay elèv aksè nan pwogram edikasyonèl elektwonik sou Entènèt ak sèvis edikasyonèl ekstèn.

Elèv lekòl elemantè ak mwayen kapab enskri nan nenpòt sant ete ki ouvè jisrive 6 jiyè. Si lekòl elèv yo pa yon sant ete ki ouvè pou ete a, elèv yo kapab enskri nan lekòl yo jisrive 7 jen. Elèv lekòl segondè ki ap planifye pou enskri tou pou kou ete Edikasyon Adilt, dwe enskri e yo dwe nan klas 18 jen oubyen anvan sa.  

Pou plis enfòmasyon sou Ond pou Aprann ann Ete, tcheke lekòl pitit ou a oubyen nenpòt sant ete ki ouvè; vizite http://summerschool.dadeschools.net oubyen rele 305-273-2830.

 

 

###

12-JJS/404/DF/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès