|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 6 jen 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
M-DCPS AP ELAJI PWOGRAM LANG ETRANJE LI AKOZ DEMANN POPILÈ
“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral elaji Pwogram “Extended Foreign Language (EFL)” (Ekstansyon Lang Etranje) li a nan anpil lekòl elemantè, kòmanse nan ane lekòl 2012-2013 la. Elèv ap kapab resevwa enstriksyon ann Anglè e nan yon dezyèm lang kòm yon pati nan pwojè sa a.
Kòm rezilta inisyativ sa a, y ap double tan enstriksyon nan lang yo chwazi a soti nan 30 minit pa jou rive nan yon minimòm inèdtan pa jou. Se enterè paran yo ki enspire modèl EFL la. Toude, komite paran ak komite direktè (Sou-Komite Paran sou Distri ak Priyorite Bidjè Lekòl ak Komite Direktè sou Plan Alokasyon Lekòl) te sipòte inisyativ la alinanimite.
Gen yon gran demann pou plis pwogram EFL nan Distri a, e gen lis elèv ki ap tann pou yo antre nan pwogram yo nan lekòl tankou Lekòl Elemantè North Miami Beach ak Sant Jadendanfan rive 8yèm ane eskolè Rolando Espinosa. Nouvo plan an ap bay tout elèv Jadendanfan ak premye ane eskolè nan lekòl ki suiv modèl EFL la opòtinite pou yo pran enstriksyon nan yon lòt lang pou yon minimòm inèdtan pa jou.
###
12-JS/406/GC/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |