|
NÒT MATEMATIK FCAT 2.0 ELÈV M-DCPS YO AMELYORE NAN TOUT NIVO ANE ESKOLÈ YO TESTE Jodi a, “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) pibliye rezilta egzamen Prentan 2012 pou Lekti, Matematik, ak Syans “Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT) 2.0” (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif Florid 2.0) pou elèv nan 4yèm-8yèm Ane Eskolè. An jeneral, nòt matematik elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) yo te amelyore atravè tout nivo ane eskolè yo teste. Yon pi gwo pousantaj elèv lekòl elemantè M-DCPS te resevwa nòt nan Nivo 3 oubyen pi wo pase kamarad yo atravè eta a nan lekti. E atravè tout ane eskolè yo teste yo, 56 pousan elèv M-DCPS te resevwa nòt nan Nivo 3 oubyen pi wo nan matematik. Anplis, kwasans M-DCPS de 2011 a 2012 montre amelyorasyon nan pousantaj elèv ki fè nòt 3 oubyen pi wo nan tout nivo ane eskolè nan matematik. Nan Lekti, 54 pousan tout elèv M-DCPS te fè nòt nan Nivo 3 oubyen pi wo. Nan Syans, nòt elèv nan 5yèm ak 8yèm Ane Eskolè te rete estab avèk 45 pousan ki fè nòt 3 oubyen pi wo. An jeneral nan Syans, amelyorasyon yo montre de 2011 a 2012 Miami-Dade County depase amelyorasyon distri ki konparab ak li yo e eta a. Nou dwe note premye ane yo te bay egzamen an nan Prentan 2011, yo te rapòte rezilta elèv yo nan Lekti ak Matematik egzamen FCAT 2.0 FCAT la kòm egal ak “FCAT Equivalent Developmental Scale Scores (EDSS)” (Echèl Nòt Devlòpmantal Ekivalans FCAT). Sepandan, kòmanse ane sa a, yo rapòte rezilta pou lekti ak matematik nan sèvi ak nouvo nòt sou echèl devlòpman, yo ka klase de 140 a 302 nan lekti atravè 3yèm jisrive 10yèm ane eskolè, e de 140 a 298 nan matematik atravè 3yèm jisrive 8yèm Ane Eskolè. Anplis echèl nòt yo, yo rapòte rezilta yo tou an fonksyon de Nivo Siksè, yo ka klase de Nivo 1 (ba) a Nivo 5 (wo). Nivo 3 endike pèfòmans satisfezan. Pou fasilite konparezon atravè tan yo, FLDOE adapte nòt Prentan 2011 yo ak nouvo echèl FCAT 2.0 a. Jan sa te fèt prentan dènye pou lekti ak matematik, yo pral rapòte rezilta elèv premye fwa yo bay nouvo egzamen Syans FCAT 2.0 nan 5yèm ak 8yèm Ane Eskolè sou echèl “Ekivalans FCAT” la, pandan y ap tann etablisman nouvo echèl pati Syans ak Nivo Siksè FCAT 2.0 yo, ki pral disponib nan Prentan 2013. An jeneral, plis pase 211,000 elèv M-DCPS nan 3yèm-10yèm Ane Eskolè te pran pati Lekti FCAT 2.0 a; prèske 159,000 elèv nan 3yèm-8yèm Ane Eskolè te pran pati Matematik FCAT 2.0 a e apwoksimativman 52,600 elèv nan 5yèm ak 8yèm Ane Eskolè te pran pati Syans FCAT 2.0 a. Rapò rezime konplè Distri, Eta, ak lekòl yo disponib sou sit Entènèt FLDOE a nan http://fcat.fldoe.org/mediapacket/2012/default.asp anplis yon “database” (baz done) entèraktif ki bay rezime nòt yo adapte yo pou 2011. FLDOE bay paran enfòmasyon pou dekri chanjman nan nòt/echèl apwopriye pou chak pwogram ki aksesib nan http://www.floridapathtosuccess.org, avèk enfòmasyon adisyonèl sou pwosesis bay nòt la nan Konprann Rapò FCAT 2.0 yo nan http://fcat.fldoe.org/fcat2/pdf/s12uf2r.pdf. Y ap voye pake Rapò Endividyèl Elèv yo bay lekòl yo osito yo resevwa yo. Pou plis enfòmasyon sou rezilta ki nan atachman yo, silvouplè kontakte Deborah Karcher, Ofisye Anchèf Enfòmasyon, Sèvis Enfòmatik, nan 305-995-3751, oubyen Gisela Feild, Direktris Administratif, Evalyasyon, Rechèch ak Analiz Done, nan 305-995-7512.
### 12-JS/407/HD/RL
|