POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 7 jen 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV ISPANIK M-DCPS ANTÈT NAN POUSANTAJ GRADYASYON ETA A


MIAMI – Elèv Ispanik nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) depase elèv parèy yo atravè tout eta a nan pousantaj gradyasyon.  Pandan elèv Ispanik Florid depase pousantaj gradyasyon nasyonal la de 10 pousan an mwayèn, elèv Ispanik  M-DCPS yo ap gradye ak pousantaj ki siperyè anpil a pousantaj elèv parèy yo atravè eta a.

Selon rapò Kontaj Diplòm “Education Week” pou 2012, pousantaj gradyasyon pami elèv Ispanik nan Florid la te lejèman plis pase 73 pousan.  Konparativman, an 2010-2011, elèv Ispanik M-DCPS te efektivman ogmante plasman nasyonal Florid, ki se dezyèm nan peyi a

Sa ki anba a se pousantaj gradyasyon pami elèv Ispanik nan Lekòl Leta Miami-Dade County pou  2011 e nan Florid pou 2009:  
                                   

 

M-DCPS

Florid

 

2011

2009      

Elèv Ispanik       

79.4

73.1                                                

Elèv Ispanik Gason

77.0

66.8                                                 

Elèv Ispanik Fi

82.0

77.5  

 

###

12-JJS/409/TR/CM  

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès