|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 8 jen 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
KAT MANM KOMISYON KONSÈY LEKÒL RE-ELI SAN OPOZAN
MIAMI- Kat Manm Komisyon Konsèy Lekòl te re-eli san okenn opozisyon. Sa se pi gran nònb titilè ki re-eli san opozan nan plizyè ane.
Titilè ki re-eli san okenn opozisyon pou manda kat ane yo se: Dtè. Wilbert “Tee” Holloway, Distri 1 (premye apwente an 2007); Dtè. Martin Karp, Distri 3 (premye eli an 2004); Carlos Curbelo, Distri 7 (premye eli an 2010); e Dtè. Lawrence S. Feldman, Distri 9 (premye eli an 2008).
Rezilta yo endike angajman Komisyon Konsèy Lekòl la pou tande bezwen kominote a, konsakre li pou mizik, ar, e lang etranjè yo, etou retisans pou ogmante taks yo.
Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman di, “Rezilta jodi a reflete satisfaksyon piblik la ak direksyon edikasyon nan lekòl leta Miami-Dade yo,”
Sipèentandan Alberto Carvalho ajoute, “Re-eleksyon chak titilè se temwayaj akonplisman tèt ansanm Komisyon Konsèy la, ki pral sèvi kominote a byen pandan kondisyon ekonomik yo toujou pa sèten e demand responsablite monte drastikman.
Daprè Depatman Eleksyon Miami-Dade County, lè pou kandida anrejistre pou plas Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County fini jodi a, a midi. Te genyen yon total senk pòs pou eleksyon pami nèf manm komisyon konsèy lekòl.
Pòs ki rete a nan Distri 5 rete ouvè akoz Manm Komisyon Konsèy Lekòl Renier Diaz de la Portilla, kandida kounye a pou pòs Reprezantatif nan “Florida House” (Chanm Reprezantan Florid). Pòs vid la ap ranpli nan eleksyon primè a ki gen pou fèt ann out. Gayan konkou a ak lòt kat manm yo re-eli ane sa a san okenn opozisyon yo, pral prete sèman pou okipe pòs la nan fen novanm.
###
012-JJS/411TC/CF
Retounen sou Nòt pou Laprès |