POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 19 jen 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

CARVALHO, SPRINGER FÈ YON PARYAJ AMIKAL SOU REZILTA FINAL NBA A

MIAMI—Nan yon konpetisyon amikal ant de (2)  lidè distri lekòl, Sipèentandan Lekòl Miami-Dade yo Alberto M. Carvalho ak Sipèentandan Lekòl Leta Vil Oklahoma Karl Springer plase yon paryaj enteresan sou rezilta seri chanpyona NBA a ant Miami Heat ak Oklahoma Thunder.

Yo toude dakò pou sipèentandan vil ekip ki pèdi a anseye yon klas primè istwa vil ekip ki genyen an.  Non sèlman sipèentandan ap anseye yon leson sou istwa vil ekip ki genyen an, men tou li dwe mete mayo ekip la sou chemiz blan ak kòl biznis li pandan leson an.  Yo ap difize leson sa a anmenmtan nan klas primè respektif vil ekip ki genyen an.

Sipèentandan Miami-Dade Alberto Carvalho di, "Mwen pa ka tann leson Sipèentandan Springer a sou istwa rich Miami ... Miami pare pou yon lòt tit chanpyon NBA, e mwen gen anpil konfyans nan ekip Miami Heat nou an."

Sipèentandan Lekòl Leta vil Oklahoma Karl Springer di,  "Mwen pa ka tann pou m gade foto ki sot Miami lè Msye. Carvalho mete mayo ble OKC Thunder a … Mwen gen anpil konfyans nan ekip nou an e sa se yon gwo chans pou Floridyen aprann plis sou Vil Oklahoma ak eta nou an."

# # #

012-JJS/417/TR/SD

Retounen sou Nòt pou Laprès