|
SIPÈENTANDAN LEKÒL YO ALBERTO M. CARVALHO PRAL RESEVWA ONÈ KÒM YON “2012 MIAMI ULTIMATE CEO” (PI GRAN CHÈF EGZEKITIF MIAMI 2012), 21 JEN Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pral resevwa onè kòm “2012 Miami Ultimate CEO” jedi 21 jen a 5:30 nan aprèmidi, nan Four Seasons Hotel Miami, 1435 Brikell Avenue, Miami, Florida 33131. Mesye Carvalho mete ak uit lòt lidè lokal nan kominote a ki resevwa onè ki soti nan “South Florida Business Journal” (Jounal Biznis Sid Florid). Osijè gran onè sa a, Mesye Carvalho di “Prim sa a se testaman yon komisyon konsèy ki mete tèt yo ansanm, anplwaye edikatè ki devwe e yon kominote ki konprann valè edikasyon piblik.” Prim “Ultimate Miami CEO” an rekonèt lidè nan òganizasyon yo e ki bay kontribisyon siyifyan nan kominote lokal la. Pou plis enfòmasyon, kontakte Rossie Ruiz nan 954-949-7522 oubyen rruiz@bizjournals.com. ### 12/JS-418/GC/CF |