POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 9 jiyè 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO ATANN NOUVO FCAT 2.0 AFEKTE NÒT PÈFÒMANS LEKÒL

MIAMI- Yo atann pou “Florida Department of Education (FDLOE)” (Depatman Edikasyon Florid) bay nòt pèfòmans lekòl yo pou “Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Egzamen Evaylasyon Konpreyansif Florid) yo te administre pou ane 2012 la, byen bonè menm nan semèn sa a.  Lekòl Leta Miami-Dade ak elèv yo fè pwogrè ki remakab nan FCAT la.  Sepandan, ane pase FLDOE a te tranzisyone soti nan FCAT pou FCAT 2.0 ki sèvi ak yo nouvo evalyasyon yo adapte. FCAT 2.0 a mezire nouvo estanda yo t ap sèvi pou de (2) ane ki sot pase yo.  Anplisdesa, Eta a te devlope yon nouvo fòmil pou bay lekòl yo nòt.  Baze sou tout chanjman sa yo, yo atann pou nòt pèfòmans lekòl yo desann ane sa a.

Malgre yo atann pou nòt yo desann, rezilta FCAT pou ane sa a demontre elèv nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap fè pwogrè nan nouvo estanda yo e pwofesè yo ap fè yon travay eksepsyonèl pandan pèfòmans elèv yo amelyore remakableman. Pèfòmans elèv yo nan evalyasyon nasyonal tankou egzamen “National Assessment of Education Progress—Trial Urban Distrit Assessment (NAEP-TUDA)” (Evalyasyon Pwogrè Edikasyonèl Nasyonal – Esè Distri Iben) konfime pwogrè sa yo. Etou Prim Broad Prize la rekonèt M-DCPS pou yon senkyèm fwa kòm finaslis pou pwogrè e dèske yo ap fèmen diferans kad siksè ant elèv yo

An konparezon nòt M-DCPS pou FCAT ane 2011 ak nòt FCAT 2.0 pou ane 2012 la montre nòt pou matematik amelyore pou tout nivo ane eskolè yo te teste.  Pou lekti gen yon gran ogmantayon ki fèt nan pousantaj elèv ki fè gwo nòt senk nivo ane eskolè pami uit nivo ane eskolè yo te teste. kòm nòt sa yo montre amelyorasyon, atant natirèl ap koresponn ak ogmantasyon nòt pèfòmans lekòl yo.  Sepandan, ak nouvo FCAT 2.0 a estanda yo nan kèk lekòl kab wè yo diminisyon.

Chanjman nan FCAT la vini nan yon moman enpòtan, pandan rezilta FCAT pou dènye kat ane ki sot pase la te demontre yon tandans siyifikan siksè ak amelyorasyon akademik nan Miami-Dade.  Ofisyèl lekòl nan distri konpare mouvman pou nouvo FCAT 2.0 a ak prepare pou fè yon kous maraton e chanje wout la nan mitan kous la.

 

###

012-JJS/419/TR/CF

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès