|
GRADYE NAN SOUTH MIAMI RESEVWA BOUS ETID ‘DO THE RIGHT THING’ David Celis, yon elèv ki fèk gradye nan Lekòl Segondè South Miami, te resevwa Bous Etid Memoryal Polis “ The Angel Calzadilla/Do The Right Thing.” Yo te etabli Bous Etid Memoryal Polis “The Angel Calzadilla/Do The Right Thing” pou onore memwa Polis Egzekitif Anchèf Calzadilla, ak yon ofisye yo te konsidere anpil ki te sikonbe ak yon konba prive tout lavi li ak maladi fibwosis nan laj 48 an. Yo konnen “Do The Right Thing”, dèske li rekonèt e bay jèn prim pou konpòtman ak aksyon pozitif yo, yo ofri bous etid la chak ane bay yon elèv ki gradye. Bous etid la ap kouvri tout frè ak lòt depans ki totalize $6,000 pou ale nan Sant Antrenman Polis Vil Miami anba lavil Miami. Nan foto a (degoch adwat) Chèf Polis Vil Miami Rodolfo Llanes, Jeanette Calzadilla, Jackie Calzadilla, elèv ki resevwa bous la David Celis, Majò Polis Vil Miami Delrish Moss, Prezidan “Do Right Thing” Rona Brandell, ak Majò Polis Vil Miami Ian Moffet.
### 12-JS/422/GC
|